Haitian Creole Version


Sòm 47



1 ¶ (47:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (47:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!
2 (47:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
3 (47:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.
4 (47:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
5 ¶ (47:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
6 (47:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
7 (47:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!
8 (47:9) Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.
9 (47:10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.